Nan yon match chòk pou uityèm de final Koup Ewòp Nasyon an, France t ap jwe kont Belgique pou wè kijan yo teka depataje yo men se ekip fransèz la ki rive gen rezon sou Bèlj yo kote yo bat difisilman (1-0) e pase pou kadefinal la.
Yon ekip Lafrans kite jwe on foutbòl posesyon men ki pa t ditou efikas devan gòl kote gadyen Bèlj la te trankil paske yo rantre nan vestyè ak mezi yon chout kadre pandan yo te gen posesyon an ak 62% e li montre ekip Didier Deschamps an pa bon an atak men ki t a pral omwen jwenn yon gòl chanse nan 85èm minit match suit avék on otogòl de Jan Vertonghen e rive bat match la (1-0) pou rive pase al jwe kadefinal kote y ap tann venkè match Portugal - Slovénie a.
UEFA di se Jules Koundé ki te pi bon pandan tout rankont lan.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️
