Ewo 2024: Espagne kraze Géorgie pou kalifye pou kadefinal Ewo a
Seleksyon Panyòl la te gen randevou kont ekip Jeyòji a nan uityèm de final Koup Ewòp la, eben avèk on gwo Nico Williams ekip Espay la bat Jeyòji (4-1).
Poutan se Jeyòji kite make gòl (1-0) a nan 18èm minit avèk on otogòl sinye R. Le Normand e sa pa t pran tan pou Espay te egalize nan 39èm minit gras avèk Rodri e fini mitan an (1-1).
Dezyèm mitan, Espay domine konplètman Jeyòji pou te make twa lòt gòl gras avèk F. Ruiz, N. Williams ak D. Olmo ki rive mete peyi yo alèz nan rankont lan e metrize tout match la pou rive bat (4-1) e kalifye pou kadefinal kote yo pral kwaze ak Almay vandredi pwochen.
UEFA chwazi Rodri kò m pi bon jwè match la.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️
