Fout prezantasyon : Real Madrid prezante ofisyèlman Endrick maten an nan Bernabéu a

0


 Fout prezantasyon : Real Madrid prezante ofisyèlman Endrick maten an nan Bernabéu a



Jan sa te anonse nan yon kominike Real Madrid te mete deyò, li te fè konnen y ap gen pou prezante jèn jwè brezilyen an 27 jiyè, eben tout bagay fèt maten an.



Endrick Felipe Moreira de Sousa prezante ofisyèlman kò m nouvo jwè Real Madrid, se te yon prezantasyon kite fèt devan plis pase 43 000 fanatik e jwè a te tou pwofite kriye pandan l t ap pale sou vini l nan klèb sila.



Endrick: "Bonjou tout moun. Mwen vle remèsye tout moun ki te vin nan Santiago Bernabéu a. Mwen p ap ban nou manti, mwen pa t atann anpil moun, mwen pa t atann tout bagay sa yo. »


"M te toujou reve pou m jwe nan ekip Real Madrid la."


"Mwen trè kontan. Se rèv mwen, li rive vre. M ap viv rèv la."


"Mwen se yon gwo fanatik Cristiano Ronaldo ak Emilio Butragueño. Mwen te vle jwe isit la tankou yo."


"Mwen di Bondye mèsi mwen isit la."


"Si fanmi mwen kontan, mwen kontan."


"Eder, Vini ak Rodrygo te ede m anpil. Nou te pale anpil sou Real Madrid."


"Wè fanatik Real Madrid k ap chante non mwen te trè espesyal pou mwen ak fanmi mwen."


"Ki tit mwen vle genyen isit la? Tout."


"Reaksyon mwen lè mwen te konnen Real Madrid te vle siyen m? Mwen te toujou vle jwe isit la. Mwen te trè eksite. Mwen te trè kontan chita bò kote Florentino Perez epi siyen kontra a."


Endrick Felipe Moreira siyen yon kontra pou jiska jen 2027 kote l kapab mete twa lane sou li ankò selon pèfòmans li ak klèb la e si dirijan satisfè osi.


Jèn nan pral pote nimewo 16 la nan klèb kapital Panyòl la.



Rezo9 aktyalite espòtiv✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire