Fout Transfè : Ricardo Calafiori rejwenn ofisyèlman Arsenal
Defansè Italyen an ki gen 22 lane kote l t ap evolye nan ekip Bologne la kote l sot pase yon gwo sezon ak klèb sa kote l jwe 33 match ak yo pou 5 pas desiziv epi 2 gòl make, eben Mikel Arteta renmen pwofil jwè foutbòl la li fè dirijan Arsenal yo mete lapat sou li.
Calafiori se te youn nan revelasyon Koup Ewòp Nasyon ki sot pase ke Espay ranpòte l sou Angletè a, jèn defansè an te youn nan pi bon jwè Itali te genyen pandan konpetisyon sa e se gras avèk Ewo a ekip Arsenal la rive pran l kote l te nan goumen ak Real Madrid ki limenm te trè entèrese ak jwè foutbòl la.
Selon Fabrizio Romano ki se yon jounalis ki trè fyab nan enfòmasyon l yo li fè konnen Ricardo Calafiori siyen yon kontra nan Arsenal pou 5 lane kote l pral pote nimewo 33 a nan klèb Gunners la.
"Se yon plezi pou m rejwenn klèb sila e pou m fè pati de gwo sila, m pral bay tout sa m gen lakay mwen pou m teka fè piblik la plezi." Se konsa Calafiori te eksprime kontantman l apre ke l te fin siyen nan klèb foutbòl la.
Rezo9 aktyalite espòtiv✍️