Fout prezantasyon : Endrick ap prezante nan Real Madrid demen
Sa gen yon semèn depi Real Madrid te sòti yon kominike pou te anonse prezantasyon jèn jwè brezilyen 18 lane a demen 27 jiyè a nan Santiago Bernabéu a.
Yon lòt prezantasyon pral fèt nan Bernabéu a apre pa Kylian Mbappé a kite fèt 16 jiyè, eben demen samdi a se pral kou pa Endrick Felipe Moreira de Sousa ki sot nan peyi Brezil nan klèb SE Palmeiras la, jwè foutbòl la pral gen pou l jwe bò kote Vinicius Junior, Rodrygo Goes, Brahim Diaz, Arda Güler ak Kylian Mbappé nan atak klèb madrilèn nan.
Endrick pral siyen on kontra pou jiska 2027 e li kapab vin pwolonje pou 2030 li pral depann de pèfòmans li ak klèb Real Madrid la.
Rezo9 aktyalite espòtiv✍️
