Fout Transfè : Real Madrid p ap achte Alphonso Davies ete sa
Dosye Alphonso Davies la depi ete ane pase yo te fè kwè jwè a kapab ale nan Real Madrid pou sezon 2024-2025 lan men t a sanble transfè sa p ap fèt ankò.
Florentino Perez kise prezidan Real Madrid t a vle pran Alphonso Davies lòt sezon pito koz valè kòb Bayern Munich vle a yo p ap bay li pou lateral goch Kanadyen an, men klèb kapital la ap prefere ap pran l gratis paske kontra jwè foutbòl la ap bout an 2025 ak klèb ki plis titre nan peyi Almay la.
Swit ak desizyon sa, Real Madrid pral pwolonje Ferland Mendy pou jiska jen 2027 e nan jou l ap ofisyèl.
Rezo9 aktyalite espòtiv✍️