Leta ka pran kontwòl peyi a ankò?

0


 Leta ka pran kontwòl peyi a ankò? 



Mèkredi 26 jen 2024 la, nan granm maten. Nouvo Premye minis lan Garry Conille te debake nan baz kote polisye Kenyan yo enstale yo, nan Taba. Pandan rankont sa, PM nan fè yon deklarasyon kifè anpil moun etone, moun yo ap mande èske vrèman mesye sa ka kenbe pawòl li. 


Garry Conille kite ansanm ak militè Kenya yo te fè yon deklarasyon nan mikwo laprès kote li anonse Leta pral pran kontwòl peyi a ankò, kay an kay, katye an katye, vil an vil se konsa li te lage pawòl la san filtè pandan li te gen ak li Chèf delegasyon Kenya a Monica Juma, Minis Jistis la Carlos Hercule ak nouvo DG PNH la Rameau Normil. 


Selon plizyè moun, jan Minis lan pale la nan jou kap vini yo la ta dwe gen gwo amelyorasyon kifèt nan kapital peyi a sitou nou konnen 90% nan kapital la kontwole pa ti mesye manch long yo ki kontinye ap teyorize popilasyon ayisyèn nan. 



Yon lòt bò gen anpil moun ki kwè, Garry Conille pat menm bezwen pale se pasa ki enpòtan pou yo se aksyon yap tann nan men PM nan paske sa gen plizyè ane depi depi se bandi kap kontwole yon gwo pati nan kapital peyi a li lè li tan pou leta pran responsabilite yo. 


Antouka! nap tann nan jou kap vini yo si avèk prezans sòlda kenyan yo pral gen aksyon ki pral poze paske Minis lan voye yon mesaj fò bay pèp ayisyen ki lage 2 bwa pandye depi plizyè ane. 


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire