Oh! Gang yo vle anpeche sitwayen yo kite zòn yo

0


 Oh! Gang yo vle anpeche sitwayen yo kite zòn yo



Daprè Obsèvatwa Entènasyonal pou Demokrasi ak Gouvènans (OIDG), gang ak zam yo anpeche anpil moun nan zòn yo soti pou yo ka sèvi yo kòm boukliye si tout fwa yo ta nan afwontman ak fòs legal yo. 


Selon done yo nèg manch long yo fè sa nan zòn tankou Gresye, kote yo enfiltre popilasyon lokal la, pou kapab sèvi ak yo kòm boukliye, pou pwoteje tèt yo pandan entèvansyon fòs miltinasyonal la.


Òganizasyon an fè konnen tou, bandi yo fè fouy regilyèman pou verifye èske pa gen moun kap sove kite zòn yo. Nan yon nòt yo mete deyò, OIDG di yo obsève pratik sa a, soti 3 pou rive 8 jen 2024. 


Selon sa plizyè lòt moun rapòte, se pa sèlman Gresye se plizyè zòn nan kapital la kote ti mesye ame yo anpeche moun kite zòn yo si tout fwa yap fè sa yo oblije peye lajan pou sa. 


Nap raplew, militè kenyan yo deja ateri nan peyi a sa ki vle di a nenpòt lè yo ka deside mennen yon operasyon. Avèk bandi yo ki fè yon sèl ak popilasyon an lap difisil pou pata gen anpil moun inosan ki viktim. 


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire