Woy! Etazini met lapat sou 118 Ayisyen.
Nan jounen mèkredi 26 jen an, otorite amerikèn yo kenbe 118 ayisyen sou lanmè Florida, zòn Key West. Selon done yo gwoup migran sa yo gen anpil gason men gen fanm ak timoun nan mitan yo.
Daprè enfòmasyon yo se otorite ki nan rejyon Monroe ( Florida) ki mete men sou gwoup moun sa yo lè sa li te ka nan 4è nan maten jou mèkredi 26 jen 2024 la pandan yo tap vini sou yon ti bato.
Selon sa Lapolis deklare, ayisyen sa yo te pase 7 jou sou ti bato sa avan yo te resi rive nan peyi Tonton Sam. Responsab yo menm anonse, yo transpòte kèk ladan yo nan yon klinik lokal, gen lòt ki te toujou sou evalyasyon.
Jan sa ye depi plizyè ane, anpil migran ap chache tout mwayen pou antre nan peyi Etazini men anpil fwa yo konn pran gwo risk avan menm yo resi rive nan peyi Joe Biden. Se youn nan rezon kifè plizyè òganizasyon dwa moun konn denonse jan de pratik sa yo ki konn lakoz moun yo pèdi lavi yo.
Rezo9 Aktyalite Politik
