Joey Veerman demanti enfòmasyon ki fè kwè l ap siyen nan Real Madrid
Joey Veerman, 25 an, se youn nan jwè ki sou mache transfè a ki wè non l ap site anpil nan Real Madrid pou ke l vin ranplase Toni Kroos. Men jwè PSV a rive demanti enfòmasyon sa.
Joey Veerman (Pirmerend, Pays-Bas, 1998) ki wè non l ap site nan klèb madrilèn depi apre Kroos anonse ke l ap pran retrèt li, men jwè te deklare nan mikwo laprès ke se pa vre ditou, enfo y ap bay sou li a pa gen okenn verite ladan n.
Nan on entèvyou l te akòde ak De Telegraaf, milye teren PSV a te eksplike: "Mwen te ka kontan pou yo lye ak Real Madrid, men sa fè m alèz paske se yon manti. Mwen tou de fatige ak alèz. Espesyalman paske mwen toujou oblije reponn kesyon sa a lè pa gen absoliman anyen", se konsa l te eksplike.
"Mwen fè fas ak sa a paske yon moun nan televizyon di mwen ta byen la ak yon jounal Panyòl ekri yon bagay ..." Toujou imajine tèt li nan Madrid, Néerlandais a ajoute: "Petèt ke mwen ta adapte la, men hey, se Real Madrid. Lè ou wè jwè yo gen kòm titilè...".
Li pale tou sou ki kote li ta renmen ale, si li konsidere kite PSV, kote li gen yon kontra jiska 2026: "Si mwen kite, se pou yon klèb ki renmen gen balon. Mwen pa on stil de jwè k ap fè rete dèyè e k ap kouri dèyè balon.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️
