Ewo 2024: Allemagne kraze Ecosse 5-1.

0


 Ewo 2024: Allemagne kraze Ecosse 5-1.


Nan kad 17èm edisyon Koup Ewòp Nasyon an, ekip Allemagne la ki se peyi k ap òganize konpetisyon sila sa t ap mezire l avèk Ecosse kote yo pa tranble kont yo 5-1 e byen demare ewo yo.


Yon ekip Almand kite vrèman siperyè parapò ak ekip an fas la kote depi nan debi rankont lan yo te gen balon an pou jiska fen rankont lan, Toni Kroos ki t ap vire ekip la, Wirtz limenm t ap fè travay ofansif la epi Havertz ak Musiala t ap bay defans ekip la pwoblèm avèk teknik li, Gündogan ki t ap kenbe balon epi òganize jwèt Alman an. Yo bat 5-1 e deja nan mitan match la yo te gentan 3-0 gras avèk Wirtz, Musiala ak Kai Havertz.


Nan dezyèm mitan an ekip Almand lan te kontinye ap mete pye l sou balon an, yo fè soti Kai Havertz ak Florian Wirtz pou fè rantre Niclas Füllkrug epi Leroy Sané nan 63èm minit match la. Nan 68èm minit swa 5 minit apre rantre l, Niclas Füllkrug te mete Allemagne devan nèt nan eskò a 4-0 e jis apre Rüdiger ta pral bay tèt li gòl nan 87èm minit e Emre Can t a pral klotire rankont lan sou yon gòl li t a pral make nan 90+3 rankont lan e fè l fini 5-1.



Apre rankont sa, UEFA bay Jamal Musiala pi bon jwè match foutbòl sila.



Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire