Ewo 2024: Suisse byen rantre nan Koup Ewòp la avèk on viktwa sou Hongrie 3-1.

0


 Ewo 2024: Suisse byen rantre nan Koup Ewòp la avèk on viktwa sou Hongrie 3-1.


Nan kad premyè soti yo nan konpetisyon sila kise 17èm edisyon Koup Ewòp la, Suisse byen metrize rankont lan e genyen Hongrie.

Yon match jwè Suisse yo te gen balon an depi nan kòmansman rankont lan e yo t a pral make depi nan 12èm minit gras avèk K. Duah e kontinye ap mete on volim boul sou Hongrie pou te rive make nan 45èm minit match la gras ak M. Aebischer e fini mitan an sou eskò 2-0 a.

Nan dezyèm mitan an, ekip Suisse la te on jan bese nivo jwèt yo pou konsève eskò de gòl devan an men ekip Hongrie a ta pral make pou l redui eskò a ak (2-1) nan 66èm minit avèk B. Varga kite fè yo tounen nan match e jis nan 90+3 genyen B. Embolo ki t a pral touye tout espwa Hongrie nèt pou te rann Suisse bat match la 3-1 e vin pase dèyè Almay nan gwoup A kote l se lidè l.



Gwoup A.


Almay 3 pwen +4

Suisse 3 pwen +2

Hongrie 0 pwen -2

Ecosse 0 pwen -4




Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire