Nan kad premye match chòk nan Koup Ewòp la, Espagne te gen randevou ak Croatie pou wè nan ki fason swa match la fini nil oswa youn ladan yo ranpòte twa pwen an, eben se klèb Panyòl la ki rive gen rezon sou kwowat yo sou on eskò (3-0) depi nan premye mitan an.
Yon rankont kote Croatie te gen posesyon balon an pandan tout match la (53-47) men nan eskò a se ekip Espay ki genyen l, depi nan 29èm minit, A. Morata te mete yo devan nan match la (1-0), e nan 32èm minit genyen F. Ruiz kite bayo devan ak (2-0) jis apre nan 45+2 genyen D. Carvajal ki t a mete yo (3-0), e fini mitan match la sou eskò sa.
Nan dezyèm mitan an, nou te wè yon ekip Espay ki t ap reveye nivo foutbòl posesyon l lan men malgre ekip an fas la te rive monopolize balon an ki te menm kreye plizyè aksyon gòl sitou ak Perišić ki te vin rantre nan match men pa t janm gen anyen vrèman, antrenè Espay la te fè kèk chanjman, soti Rodri, Pedri, Morata, Nico Williams ak Lamine Yamal pou fè rantre Ferran Torres, Mikel Oyarzabal, Merino, Dani Olmo ak Zubimendi men yo pa t rive jwenn on lòt gòl kote se yo k teka ankese gòl sou yon fot Rodri te fè anndan kare a men Bruno Petković te rate penalite a apre on bèl arè pou Unaï Simon nan 80èm minit la e fini 3-0.
Apre rankont sa, UEFA bay Fabian Ruiz pi bon jwè match la kote l bay yon pas desiziv ak yon gòl nan viktwa peyi l sou Croatie.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️
