Italie te konnen advèsè l pou premyè jounen chanpyona Ewo 2024 la kise Albanie, eben yo rive metrize kòmansman rankont lan depi anvan 20 minit match la pou te rive genyen.
Poutan se Italie kite ankese gòl anvan depi nan 22 segonn rankont lan avèk Nedim Badjrami pou te rive pèmèt Albanie byen demare rankont lan men chanpyon dimonn kat fwa yo t a pral make 2 gòl nan 5 minit. Dabò nan 11èm minit, Alessendro Bastoni ki t a pral egalize pou yo epi nan 16èm minit, Nicolò Barella te mete yo devan ak (2-1) e fini mitan an konsa.
Nan dezyèm mitan an, ekip Italie a metrize rankont lan, yo jere l byen, malgre kèk chanjman bò kote chak ekip yo men eskò a te rive fini (2-1) e Italyen yo jwenn 3 pwen sila pou rantre yo nan Koup Ewòp 2024 la.
Apre rankont lan, UEFA bay Federico Chiesa pi bon jwè match foutbòl la, kote misye te vrèman ekstrawòdinè nan rankont lan e se yon pri ki anpleman merite pou elye Juventus Turin an.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️