Ewo 2024: Pays-Bas byen kòmanse konpetisyon Koup Ewòp li avèk on viktwa sou Pologne

0


 Ewo 2024: Pays-Bas byen kòmanse konpetisyon Koup Ewòp li avèk on viktwa sou Pologne


Pays-Bas t ap mezire l ak Pologne nan premye match pou jounen dimanch 16 jen an, eben seleksyon Néerlandais a rive bat match la (2-1) e valide twa pwen enpòtan sa.


Ekip Pologne la se li k byen demare rankont lan depi nan 16èm minit gras avèk Adam Buksa e pase devan nan eskò a pandan on bon ti tan e nan 29èm minit genyen Cody Gakpo ki te vin mete match la ak menm egalite (1-1) e mitan an te fini eskò sa.


Nan dezyèm mitan an, tou de ekip yo t ap jwe foutbòl kote youn pa t vle pran gòl men gras avèk on chanjman ki pote fwi pou Ronald Koeman, ki fè rantre Wout Weghorst nan plas Memphis Depay nan 81èm minit e de minit apre se Weghorst sa ki ta pral bayo gòl (2-1) an kite sinonim viktwa pou nan match foutbòl sila.



Apre rankont lan, UEFA bay Cody Gakpo pi bon match foutbòl la.



Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire