Ewo 2024: Angleterre bat on ekip Serbie kite danje nan premye soti yo nan Koup Ewòp la

0


 Ewo 2024: Angleterre bat on ekip Serbie kite danje nan premye soti yo nan Koup Ewòp la



Seleksyon Anglèz la te gen randevou jodi a kont seleksyon Sèb la nan premye match yo nan 17èm edisyon Koup Ewòp la, eben ansyen seleksyon Wayne Rooney, Owen, Lampard la bat Serbie sou estrik minimòm nan (1-0) e genyen twa pwen enpòtan sa gras avèk Jude Bellingham depi nan premye mitan an.


Yon match kite kòmanse avèk anpil angajman, kote youn nan ekip yo pa t kite lòt jwenn do yo fasil men malgre tout jwè k ap briye nan seleksyon Anglèz la tankou Foden, Saka, Kane ak Jude Bellingham men li te difisil pou yo fas Serbie paske blòk ekip la te byen plase men nan 13èm minit sou on sant ki soti sou bò dwat pa Angleterre a epi Bellingham mete on bèl tèt ki kite gadyen sèb la san reyaksyon e se te eskò (1-0) a pou mitan an.



Nan dezyèm mitan an, nou te wè on ekip Serbie kite plis menasan, ki kreye on pakèt okazyon men kite tout jwenn on Pickford kite nan jou l ki t ap sove peyi li e genyen rankont lan ak grenn gòl (1-0) a.



UEFA deside ke se Jude Bellingham kite pi bon jwè pandan tout match foutbòl la.




Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire