Ewo 2024: Danemark pa rive genyen Slovénie nan kad premye match yo nan konpetisyon an
Danemark te gen randevou avèk Slovénie jodi a nan kad premye match nan konpetisyon an, kote yo chak la rive soti avèk yon grenn pwen, match (1-1).
Poutan se Danemark kite ouvri eskò a depi nan premyè mitan an gras avèk Christian Eriksen nan 16èm minit e fini mitan match la konsa.
Nan dezyèm mitan an, ekip Slovénie a te lite jis nan 77èm minit match yo t a pral egalize gras avèk Erik Janža e rive sove match nil peyi l nan premye soti yo.
Apre match la, UEFA bay Christian Eriksen meyè jwè rankont lan.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️
