De ekip ki prèske nan menm nivo te gen randevou jodi madi a nan kad avan dènye match premye joune koup Ewòp la, Turquie rive enpoze l sou ekip Géorgie a (3-1) e pran yon bèl opsyon kalifikasyon pou pwochen tou a.
Gras avèk on gwo Arda Güler, Turquie genyen avèk briyo ekip Géorgie a. Depi nan premyè mitan an se te on bèl match kote chak ekip te gen tan fò pa yo nan match la, nan 25èm minit, M. Müldür ta pral bay Tik yo avantaj la ak (1-0) e senk minit apre genyen G. Mikaudadze te mete Jeyòji (1-1) e fini mitan an sou eskò sa.
Nan dezyèm mitan an, Tiki retounen ak menm motivasyon an e menm ekip Jeyòji a te kanpe tòf tou kote yo pa t ap gade ekip an fas nan je men nan 65èm minit, Arda Güler t a pral fè yon sipèb gòl suit avèk on bèl chout (20 mèt) ki kite gadyen Jeyòji a san reyaksyon e nan 90+7, genyen K. Aktürkoğlu kite touye tout èske Jeyòji yo pandan ke yo te on sou on kònè nan kan Tiki a men ki pa t bay anyen epi balon an vin jwenn jwè Tik la epi l avanse pou l mete gòl (3-1) an e bay peyi l viktwa sila.
UEFA chwazi Arda Güler kò m pi bon jwè rankont sila.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️