Ewo 2024: Portugal te an danje men finalman l bat ekip République Tchèque la

0

Ewo 2024: Portugal te an danje men finalman l bat ekip République Tchèque la


Ekip Cristiano Ronaldo a te gen randevou apre midi a nan kad dènyè match pou premye jounen Ewo a fini, Portugal rive bat République Tchèque la (2-1) e valide twa pwen enpòtan sa.


Yon ekip Pòtigèz ki t ap domine ekip Tchèk la depi nan kòmansman match la malgre an atak se pa t tèlman gran choz si w retire aksyon rate pa Cristiano Ronaldo e Rafa Leao nan premyè mitan an a chak fwa pas de Bruno Fernández e apresa se pa t vrèman enkyetan ki koz mitan an fini (0-0).


Nan dezyèm mitan an, nou te wè on lòt ekip Tchèk, ki t ap atake Pòtigè yo anpil malgre dominasyon an pa t chanje vrèman, men se Tchèk yo ki t a pral jwenn ouvèti eskò a nan 62èm minit avèk L. Provod ki t a pral fè gòl (1-0) e apre se te pwoblèm, men ki pa t dire anpil koz nan 69èm minit, genyen yon otogòl ki t a pral mete match (1-1) e se R. Hranáč kite make kont kan l, e nan 90+2, genyen F. Conceição ki te rantre nan match la e ki t a pral bay Portugal viktwa (2-1) an.


Vitinha selon UEFA se te pi bon jwè kite gen sou teren an pandan 90 minit lan.


Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️


 

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire