Ewo 2024: Allemagne met granmoun sou Hongrie e kalifye pou pwochen tou Koup Ewòp la
Allemagne te gen randevou kont Hongrie nan dezyèm jounen chanpyona Ewo a kote se seleksyon k ap antrene pa Julian Nagelsmann lan ki rive bat (2-0) e kalifye pou pwochen tou konpetisyon an.
Gras ak Jamal Musiala e Ilkay Gündogan seleksyon Almand lan rive bat Hongrie pou jwenn kalifikasyon l. Yon trè bèl Almay taktikman ki te bon, yo te gen on bon f on de je nan match la kote on moman nan match la yo pa t kite ekip an fas la jennen yo, tèlman yo te bon menm ke Hongrie te jwenn plizyè okazyon kote l teka omwen fè yon gòl men sa ki pa t rive pandan tout 90 minit match foutbòl la.
Ilkay Gündogan se te moun ki te pi bon nan rankont lan selon UEFA avèk on yon estatistik ki ale konsa, yon gòl ak yon pas desiziv nan match la, enplike sou tou de gòl Almay la se mesye sa ki pral pran twofe meyè jwè match sa.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️
