Pi gwo favori konpetisyon sa, Lafrans rive bat Autriche nan premye soti li (1-0) e genyen twa pwen sila.
Frans pa t vrèman bon nan rankont lan koz li te gen twòp dechè nan jwèt li, movèz pas, chout pa kadre, dènye jès yo pa t janm arive bon fas on ekip Autriche kite vrèman bon pandan tout match la, eben nan 38èm minit, genyen M. Wöber ki t a pral make kont kan li apre yon debòdeman de Kylian Mbappé ki santre epi jwè Otrich la mete tèt li nan boul la e li ale nan kan an e se sou eskò (1-0) sa rankont lan t a pral fini an favè vis chanpyon dimonn 2022 yo.
N'Golo Kante fini pi bon jwè match la selon UEFA.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️
