Nan kad yon operasyon lapolis tap mennen Kwadèboukè ebyen chè gang " Site Doudoun" nan tonbe li pa leve, done yo fè konnen lapolis sezi plizyè zam ak bal yè madi 2 avril la.
Nan yon nòt yo pibliye sou Facebook, PNH la anonse yo stope chèf Kwadèboukè a anpil moun konnen sou non " New York New York " ebyen mesye sa tonbe nan echanj kout bal ak lapolis.
Nan ka sa, enstitisyon an deklare, yo sezi fizi daso ak bal yo rekipere yo, se nan kad yon afwontman ant polisye Inite tanporè anti gang yo (UTAG) ak bandi ame ki fè pati gang Vitelhomme Innocent ap dirije a.
Lapolis la fini piu yo di, yap kontinye prezan nan plizyè katye tankou Clercine, Tabarre sitou nan baz Kò brigad entèvansyon ak moto. PNH pwomet la miltipliye patwouy pou pèmèt popilasyon an ka sikile normalman.
Rezo9 Aktyalite Politik