Cristiano Ronaldo fè lòbèy an Arabi Sawoudit

0


 Cristiano Ronaldo fè lòbèy an Arabi Sawoudit


Cristiano Ronaldo ki wè l ap pran laj seryezman (39 an) men ki toujou fè on fason pou l toujou rete avèk menm regilarite an malgre se pa menm jan ak lè l te jèn nan men l fè koze kanmè m.


Pandan kat jou, entènasyonal Pòtigè a rive make 6 gòl e bay 2 pas desiziv pou ekip li Al-Nassr.

Samdi ki sot pase a nan kad 25èm joune chanpyona Arab la, Al-Nassr te rive imilye ekip Al Tai a 5-1, avèk 3 gòl pou Cristiano Ronaldo e sa te rann li avanse nan klasman pi bon bitè Lig la, men sa pa t rete konsa paske pandan semèn sa nou t a pral jwenn 26èm joune a kote ekip Al-Nassr a t ap jwe kont Abha a se yon rankont ki fini nan avantaj klèb ki dezyèm nan klasman chanpyona Arab la 8-0, avèk on lòt 3 gòl pou Cristiano Ronaldo e bay 2 pas desiziv pou pèmèt ekip li fè dezyèm viktwa sa nan kat jou.


Apre 6 gòl sa yo ke l make nan de rankont yo, Cristiano Ronaldo pase ak 28 gòl nan klasman bitè a nan 23 match devan Aleksandar Mitrović ki limenm genyen 22 gòl.


Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire