Nan dènye semèn sa yo, kout bal pa sispann chante nan kapital peyi a ak nan zòn anviwon yo. Selon OIM kise òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon yo estime gen plis pase 53 mil moun ki oblije kouri kite Pòtoprens.
Selon done yo, soti 8 pou rive 27 mas la gen 53 125 moun ki kouri kite kapital peyi a akoz ensekirite a ki kontinye ap taye banda. Enfòmasyon moutre 90% nan kapital la se nèg manch long yo ki kontwolel.
OIM deklare pami moun kap kite Pòtoprens yo gen 61% ki ale Grandans, Nip, Sid ak nan Sidès. Poutan gen 1% ki ale nan peyi Etazini sitou nan pwogram Biden nan, gen 3% ki ale Repiblik Dominikèn akoz ti mesye "Viv Ansanm" yo kap fè koze nan Pòtoprens.
Se youn nan rezon kifè ensekirite a ogmante plis nan dènye jou yo. Sitou nan twa premye mwa yo done yo moutre gen plis pase 1500 kretyen vivan ki fè vwèl pou peyi san chapo.
Nap raplew, enstans lan deklare 96% nan moun ki kite Pòtoprens yo sèmante 7 fwa 77 fwa yo pap retounen ankò.
Rezo9 Aktyalite Politik
