Nèg a zam atake Bibliyotèk Nasyonal la.

0


 Nèg a zam atake Bibliyotèk Nasyonal la. 


Jan sa ap fèt depi kèk tan nan kapital la, nèg a manch long yo pa sispann piye, kwaze, boule tout sa yo jwenn sou wout yo. Ti mesye ame yo atake Bibliyotèk Nasyonal la ki anba lavil la. 


Daprè sa Direktè jeneral Bibliyotèk la, Dangelo Néard di, nèg ak zam yo pote ale plizyè mèb, epi sakaje jeneratris enstitisyon an. DG a fè konnen, gen yon seri dokiman enpòtan, ki la depi plis pase 200 lane, ki riske boule oubyen degrade. 


Jan anpil moun ap dil, nèg yo vle detwi peyi a nèt. Yo ap mache piye tout bagay nèt yo jwenn sou pasaj yo, tankou lekòl, famasi, prizon, boutik, bòlèt, bibliyotèk elatriye. Se youn nan rezon kifè gen moun ki estime Pòtoprens lan pa yon kote pou moun rete yo oblije deplase. 


Antouka !  nèg yo rele sa yap fè a revolisyon kote se pitit pèp la ki pap gen aksè ak yon moso ledikasyon dayè gen yon pati nan kapital peyi a lekòl pa fonksyone depi plizyè semèn. 


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire