Woy ! Lapolis fouke youn nan chèf Savyen yo

0


 Woy ! Lapolis fouke youn nan chèf Savyen yo



Gladymir Joseph kise 3yèm chèf Savyen jwenn arestasyonl nan Aryeopò Entènasyonal Kap Ayisyen an jounen jedi 4 avril la. Daprè otorite lokal yo, yo met lapat sou chèf gang sa nan moman li tap tante kite peyi a. 


Sa gen plizyè tan depi DCPJ tap chache Gladymir Joseph " alyas Dèdè " ki gen 38 lane akoz mesye sa ta patisipe nan plizyè zak kriminèl, done yo moutre mesye sa konn opere ni nan kapital la ni nan kèk zòn pwovens. Jounen madi a bò 9vè nan maten plizyè ajan BLTS mete la pat sou li. 


Pou anpil moun, se yon gwo kou PNH la fè lè yo met men sou Dèdè ki se twazyèm chèg gang Savyen. Daprè enfòmasyon yo pou kounya mesye sa plase nan gadavi kote li gen poul tande ki santans kap tann li aprè tout zak malonèt li poze nan sosyete a. 


Pandan nèg ame yo pa sispann mete latwoublay nan kapital, ebyen lapolis la pwofite fè yon bèl kou lè yo arete Gladymir Joseph kise youn nan gwo chèf kap kòmande Savyen depi plizyè ane. 


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire