Ansyen madanm Ezequiel Palacios la ta vann meday chanpyon mondyal li a.
Palacios swadizan refize peye lajan ki nesesè pou apatman an sou non koup la, kite Yésica Frías ak dèt ke li pa kapab peye.
Trè fache sou li, jèn fanm nan swadizan vann mayo ke li te genyen nan posesyon li a, ki gen ladan youn li te mete nan jou final koup dimonn lan, men tou, meday chanpyon mondyal li a !
Li rive reklame ke l gen enfòmasyon konfidansyèl sou Albiceleste a ke li ta ka revele si Palacios pa t deside ede l finansyèman.
Lamarre Jameson ✍🏿
