Jwè anglè a blese depi match retou Real Madrid fas Girona a (4-0), kote l te rive make 2 gòl nan rankont sa e ki t a pral blese nan rankont lan ebyen nouvèl yo t a pral fè konnen l ke Jude pral absan pou 3 semèn ebyen kotch la t a anonse on bon nouvèl sou jwè foutbòl sila.
Nan konferans près maten an, Carlo Ancelotti konfime ke Jude Bellingham retounen apre blesi li a "Li refè apre blesi li a epi li ak 100% pare pou jwe. » se sa kotch Italyen an deklare nan konferans près la.
Real Madrid ap gen pou jwe demen kont ekip Valence lan eben lis pou match la poko soti pou klèb madrilèn nan pou n konnen si Jude Bellingham ap fè pati lis sila.
Lamarre Jameson ✍🏿
