Peyi Kenya ak Ayiti rive jwenn yon akò enpòtan pou deplwaman 1,000 polisye kenyan sou sòl papa Dessaline nan. Kenya nou konnen ki alatèt mouvman sa gen pou objektif jere kriz enseekirite a nou konnen ki blayi nan tout peyi a.
Nap raplew se pa selman Kenyan yo ki vle mete pye sou sòl la. Done yo te fè konnen gen omwen senk peyi ki nan lis sa ki vle ede, pami yo nou jwenn Bahamas, Bangladèch, Babad, Benen ak TChad, yo tout konfime patisipasyon yo nan misyon sa menm si poko gen moun ki konnen ni kilè ni kijou yap vini.
Benen bò kote pal vle fouye men nan pat la an granmoun non sèlman yo di yap ede men yo poze aksyon, denye nouvèl yo fe konnen yo prè pou yo bay omwen 1,500 pèsonèl pou kòz sa a.
Pandan PM nan ap diskite ak Kenya pou entèvansyon fòs militè a ebyen sitiyasyon an Ayiti rete kritik, ak nèg gwo manch long yo ki lakòz vyolans atravè kapital la ak zòn ki antourel yo.
Si nap rete nan denye tan sa, se kouri preske tout kote san nou pa bliye plizyè polisye deja vale dlo bouch yo. Anpil moun ap mande kilè tray ti pèp sa ap resi fini ?
Rezo9 Aktyalite Politik