Nan kad 24èm joune Lig 1 an, PSG te an deplasman pou al jwe kont Monaco e gade kouman yo kapab retounen avèk viktwa koz nan match 23èm joune a yo te sove on match nil (1-1) fas Rennes, eben fas Monaco apre midi a yo fè on lòt nil ankò e fwa sa se (0-0).
Men pandan match foutbòl la, ansyen antrenè Barcelone nan bay meyè bitè PSG a on lòt dezòd paske fas Rennes li te retire l nan 65èm minit de je kote nan match sa ekip li te an difikilte (0-1), men jodi a nan chòk jounen an li fè retire Mbappé depi nan premye mitan rankont lan ranplase pa Randal Kolo Muani e ta fè kwè se blese li blese men yo t a demanti enfòmasyon sila e di se yon fason pou antrenè a koumanse dezabitye ak bitè fransè a k ap finalman ale nan Real Madrid sezon pwochèn.
Èske chwa Enrique yo soti depi nan estaf ekip la oubyen se responsabilite l menm li pran kòm kotch ekip la?
Dosye a suiv !
Lamarre Jameson ✍🏿