Jodi vandredi a 24èm joune Bundesliga a kòmanse avèk Bayern Munich (2èm) ki te an deplasman lakay Fribourg (9èm). Ekip k ap antrene pa Thomas Tuchel la rive pèdi 2 pwen ki kapab tou retire chans li pou l chanpyon Bundesliga a si ekip Bayer Leverkusen nan t a bat Cologne dimanch ki pral ogmante eka a ak 10 pwen kote ap rete mezi 10 joune pou jwe sèlman pou chanpyona a fini.
Meyè bitè chanpyona a ki se Harry Kane te rete silans nan rankont lan paske li pa fè gòl pou l te ogmante kantite gòl li nan klasman an, Mathys Tel ak Jamal Musiala se te pi bitè pou klèb Bavarois a.
Bayern Munich apre 11 lane pral wè Bundesliga a p ap rive lakay li sezon sila koz sitiyasyon ekip sa difisil nan moman sa e yo pa rive kapab enpoze yo nan rankont ki te ka nan avantaj yo.
Èske revokasyon Julian Nagelsmann nan se pa t pi move chwa dirijan Bayern Munich yo te fè?
Lamarre Jameson ✍🏿
