Nan peyi Hollande, Ajax Amsterdam ki rete kòm ki se youn nan pi gwo ekip ki twouve l lòtbò a pa sispann konnen anpil move moman depi apre Eric Ten Hag kite yo.
Apre yon sezon kote yo pa t rive jwenn kalifikasyon yo pou Lig Chanpyon sezon sa a, ansyen klèb Johan Cruyff ak De Jong nan kontinye ap viv anpil move moman nan Eredivisie a.
Apre 23 joune ki jwe pou sezon 2023-2024 la, Ajax okipe 5èm plas klasman chanpyona a e ki wè yo aktyèlman nan plas baraj pou Lig Ewopa si toutfwa yo pa rive fè kèk bon rezilta ankò.
Kalifye pou 8èm de final Lig konferans lan, Ajax ap gen pou l resevwa Aston Villa nan dat 7 mas k ap vini la pou tante pran avantaj la depi nan match ale a sa ki kapab pa fasil pou klèb ki twouve l nan kapital peyi Hollande lan pou fason klèb Anglè a chwazi defann sezon an malgre yo vin pèdi nan entansite yo te genyen an.
Anvan rankont ewopeyen an, wouj e blan yo ki te pèdi pandan wikenn ki sot pase a (2-0) fas AZ Alkmaar ap gen pou l jwe kont Utrecht dimanch pou eseye retounen avèk on pi bon konfyans anvan match 7 mas la.
Lamarre Jameson ✍🏿
