Bilbao elimine Atlético Madrid nan demi final Koup Espay

0


 Bilbao elimine Atlético Madrid nan demi final Koup Espay 


Nan kad demi final retou Koup Espay la ekip Bilbao a t ap resevwa ekip Atlético Madrid la kote yo pase l 3-0.

Ranpòte match ale a 0-1 nan Wanda Metropolitano a ekip Bilbao a te pran on bèl opsyon kalifikasyon paske y al genyen klèb k ap antrene pa Diego Simeone a lakay yo menm e konnen nan 2 semèn y ap gen pou resevwa klèb sila, ebyen yo pa t tranble jodi a fas ATM paske yo imilye yo 3-0 e jwenn kalifikasyon yo pou final konpetisyon sila.

Nico Williams ak Iñaki Williams te mete ak yo de a pou fè ekip Bilbao a mennen 2-0 depi nan premye mitan rankont lan jis apre Gorka Guruzeta nan 61èm minit t a pral klotire eskò match la.

Bilbao elimine Atlético Madrid nan 2 rankont yo (0-1; 3-0) e jwenn kalifikasyon yo pou grand final konpetisyon sa kote yo pral gen pou yo fè l kont Majorque ki limenm te mete deyò Real Sociedad nan tiwobi a yè mekrèdi a.

Final koup Espay la pral mete fas pou fas Bilbao kont Majorque nan dat 6 avril la nan estad "Olympique de Séville" a.


Lamarre Jameson ✍🏿

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire