Alesy Olnick nou konnen sou non "Fabregas" ki se milye tèren ekip "Arcahaïe FC" a ki pati pou peyi san chapo jodi mèkredi 28 fevriye 2024 la.
Ansyen jwè Cavaly a ki t ap jwe yon ti foutbòl sou katye lakay li (kalsyo) aprè midi a, men jwè a te an bòn sante jis anvan sa ki rive a, li ta pral santi malèz la, e li di mesye yo ke l p ap kapab kontinye ankò.
Pandan Olnick Alesy kanpe li p ap jwe ankò, li rive tonbe e menm kote l tonbe a li pa leve.
Yo te rive mennen jwè a lopital, men souf li te gentan koupe, pou kounye a jwè a ap glase nan mòg, s on kou ki di anpil.
N ap raple tout moun, Alesy Olnick chanpyon avèk Arcahaïe nan 2èm ak 1e divizyon chanpyona nasyonal la e sete dezyèm kapitèn ekip la aprè Clifford Thomas.
Lamarre Jameson ✍🏿
