Jodi jedi 29 fevriye a, gwo deblozay pete nan kapital peyi a. Selon enfòmasyon yo, gwoup Vitelhomme nan sakaje lokal akademi polis la ki sou wout Frè daprè sa Kòodonatè jeneral sendika nasyonal polisye Ayisyen yo.
Jan nou anonsel, jou jedi sa pa bon menm nan kapital peyi a kote anpil kout bal ap chante preske tout kote nan pòtoprens. Yon bò, gwoup ame Vitelhomme vide kout bal sou akademi polis la ki sou wout frè a.
Selon done yo, ti mesye a manch long yo menm rive kote polisye yo konn antrene a ak lot bo mi ki bay bò teren an. Daprè nouvèl yo espas bandi yo avanyi a se yon kategori espas kite deja gen alèt sou yo men malerezman pat janm gen okenn moun kifè anyen pou evite nou rive nan sitiyasyon sa.
Selon rapò yo, atak sa fèt a 2zè nan maten nan moman anpil moun tap dòmi. Plizyè lòt sous rapòte se yon ansanm polisye kite debake ak blennde ki te rive repouse mesye yo.
Yon lòt bò, genyen yon avyon nan ayewopò Toussaint Louverture a ki rive touche nan moman kout bal ap chante yo sou wout ayewopò a. Daprè done yo, avyon sa ki touche a te gen poul pran direksyon Kiba, jodi jedi 29 fevriye a.
Anndan ayewoga Guy Malary a gen yon polisye ak yon anplwaye yon konpayi yon avyon ki blese ak bal. Jan anpil moun ap rakonte sitiyasyon an te mete gwo panik anndan ayewopò a.
Antouka se konsa potoprens leve anba bal san nou pa bliye gen plizyè lot kote kout bal ap chante. Ann rete vijilan poun pa gen plis viktim nan moman difisil sa yo.
Rezo9 Aktyalite Politik
.jpeg)