Manman Kylian Mbappé ap chèche on kay pou pitit gason !

2


 Manman Kylian Mbappé ap chèche on kay pou pitit gason l


Avèk 80%, Kylian Mbappé pral siyen nan Real Madrid pou sezon pwochèn paske g on pakèt jounal ki gentan pibliye enfòmasyon sila e genyen "Marca" kise on jounal ki pwòch klèb madrilèn nan fè konnen ane a "pa gen wout pa bwa se la pou la" pou Mbappé nan Real.

Apre tout koze sa yo fin regle, Fayza Lamari kise manman Mbappé ki limenm vini nan peyi Espay nan kapital la kise "Madrid" kote l ap chèche on kay pou pitit gason l rete lè l vini nan klèb Real Madrid la.


Selon @Relevo, jiskaprezan manman Kylian poko jwenn kay la toujou men l toujou ap chèche kay la paske chak semèn li nan peyi Espay pou dosye sila.


Lamarre Jameson ✍🏿

Ces posts pourraient vous intéresser

2 commentaires