Apre anons li te fè apre match yo te pèdi kont Villarreal (3-5), nan Liga a, kotch klèb la te rive anonse ke l ap kite klèb la nan fen sezon an kèlkeswa sa ki t a pase nan rès match ki rete yo.
Wikenn ki sot pase la, Xavi Hernandez t a deklare ke l kapab tounen sou desizyon l epi rete nan klèb ke l renmen anpil lan, g on pakèt jounalis ki t ap tann repons Joan Laporta sou koze sa enben prezidan an t a bay on bon repons ak piblik la.
Joan Laporta deklare "Nou vle Xavi e si l ta rete se t ap pi gwo satisfasyon nou, m vote pou l rete nan klèb la" se sa prezidan an deklare nan mikwo laprès.
Lamarre Jameson ✍🏿