Woy! Sou Komisarya mache Salomon an pran dife

0


 Woy! Sou Komisarya mache Salomon an  pran dife 



Yon gwoup nèg a zam deside mete dife nan  sou komisarya a ki nan mache Salomon nan lannwit 6 mas pou ouvri jedi 7 mas 2024 la. Pandan atak sa, yo pa sèlman mete dife nan men yo profite dechèpiye tout kòmès ti machann yo te genyen nan espas la ak anpil lòt materyèl ankò. 


Dènye jou sa yo, nèg a gwo manch long pa sispann mete latwoublay nan kapital peyi a ak lòt zòn kote se sou komisarya yap mache boule. Mèkredi swa sa, yon gwoup gason ak gwo zam debake nan mache Salomon nou konnen ki nan ri Lycius Salomon ak Riyèl Féquière ebyen mesye yo mete dife nan sou komisarya a  nan plizyè kay ak plizyè lòt antrepriz kite nan menm zòn nan. 


Enfòmasyon yo fè konnen te gen plizyè kay moun yo te kouri kite yo ebyen mesye ame yo pwofite antre nan kay sa yo epi bwote tout sa yo jwenn sou wout yo. Anplis de sa, te gen plizyè boutik, bòlèt ak bank nèg yo dechèpiye tout. 


Selon temwanyaj plizyè moun nan kite nan zòn nan, yo fè konnen se blòk 9vè nan aswè nèg yo te kòmanse atak la kote yo tap tire katouch tout kote se sak fè anpil moun ki te tande bal sa yo te pè anpil. 


Nap raplew, atak sa yo vini jis aprè DG lapolis la Frantz Elbé te fè konnen PNH la pral mete tout bandi nan wòl yo. Sanble se tout bon nèg a zam yo pa pran presyon nan men DG a.i PNH la. 



Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire