Nan yon rankont ki pa t fasil pou klèb ki plis titre nan konpetisyon sila rive fè on match nil (1-1) nan Santiago Bernabeu e jwenn kalifikasyon pou kadefinal LDC a.
Real Madrid t al bat (1-0) ekip RB Leipzig nan match ale nan peyi Almay, se te on rezilta kite mete klèb Panyòl la nan yon bon avans pou kadefinal ebyen match retou a te rive nan de semèn lakay klèb madrilèn nan ki limenm ap fete jodi 6 mas la "122 lane egzistans" yo kote yo kalifye pou pwochen faz LDC a.
Yon rankont ki pa t fasil paske ekip RB Leipzig la te mete pye l sou balon an e mete anpil danje sou klèb madrilèn nan men ki pa t vrèman enkyete Lunin tèlman nan premye mitan an paske yo te rive kadre on sèl chout sou nèf yo te tante pandan 45 premye minit yo e ekip Real Madrid la pa t kadre on chout limenm sou sèt li te tande e sa montre w klè ekip la pa t ap byen jwe ditou nan match la e mitan an te fini (0-0).
Nan dezyèm peryòd la se te menm ekip RB Leipzig la ki te vini ak menm detèminasyon an pou wè kijan yo te ka bay Real Madrid pwoblèm men yo pa t rive fèsa paske Loïs Openda te konpòte l an "Blofè" sou teren an tèlman l te rate gòl, malgre bèl match ekip Almand lan t ap jwe a se Real Madrid ki t a pral ouvè eskò match la apre on balon Kroos rekipere sou on jwè Leipzig epi pas pou Jude Bellingham ki limenm avanse ak balon an e ki fòse Vinicius Junior rantre nan kare a epi l sèvi l pas la epi brezilyen an fè gòl la e lèsa nou t ap jwe 65èm minit de je, men Leipzig pa t pran tan pou l te egalize nan 68èm minit avèk Willi Orbán apre l te resevwa on balon sou kote goch pa yo a e mete on bèl tèt ki te mete Lunin san reyaksyon. Apre tout bèl okazyon sa yo nou pa t vrèman rive jwenn gòl ankò malgre Dani Olmo te mete on balon sou batrans vèsal la pou Leipzig men rankont lan fini (1-1) e klèb madrilèn nan avanse nan konpetisyon an paske l sou ansanm 2 match yo se li k bat (2-1) epi RB Leipzig ap retounen lakay li e panse pou yon lòt sezon pou LDC a.
Yon ekip ki toujou reve rive lwen nan LDC a e menm chanpyon men jiskaprezan y ap fè on bon sezon malgre yo pa genyen on veritab atakan pwent vre si m te ka di "Joselu" s on bankèt men yo nan kadefinal Lig chanpyon an kanmè m, bravo Ancelotti, jwè yo ak estaf ekip madrilèn nan.
Lamarre Jameson ✍🏿
