Sa gen plizyè jou depi nou konnen PM Ariel Henry kite peyi a, jouk jounen jodi a premye minis la poko ka retounen nan peyi a akoz ensekirite a vin pi mal. Pandan sitiyasyon a konplike nan peyi a, genyen Etazini ki fouye bouch nan dosye a.
Selon enfòmasyon jounal ameriken Miami Herald, depatman deta ameriken an kòmanse ap mete gwo presyon sou PM Ariel Henry poul ka demisyone paske yo estime yo pakapab avèl ankò.
Enfòmasyon yo fè konnen se depi nan avyon Tonton Sam te deja fè Ariel konnen yo pap soutnil ankò anplis de sa yo pap edel antre nan peyi a. Selon menm jounal ameriken an se pandan PM nan te nan avyon poul antre Porto Rico li te resevwa yon mesaj nan men gouvènman ameriken an ki dil poul kite pouvwa a.
Ameriken yo nou konnen kite toujou ap soutni Ariel Henry depi lè li sou pouvwa a aprè lanmò Jovenel Moïse la ebyen yo deside pou yo pa sipòte PM Ariel Henry ankò akoz sitiyasyon yo kontinye vin pi malouk nan peyi Dayiti sitou nan dènye jou sa yo.
Nap raplew, Ariel Henry te kite peyi Kenya samedi pase li poko janm ka antre Ayiti malgre li te tante pase Sen Domeng men li pat ka antre se sak fè li te pran direksyon Porto Rico avan menm li te oblije antre nan peyi Etazini.
Selon sa plizyè moun ap di, nan jou kap vini yo la Ariel Henry pral kite pòs premye minis la paske ameriken yo abandonel pou kont li dayè menm nan rankont ant dirijan Caricom yo, plizyè nan dirijan yo te dakò pou Ariel ale.
Rezo9 Aktyalite Politik
Problem
RépondreSupprimer