Real Madrid genyen 122 ane depi yap fè istwa

0


Real Madrid genyen 122 ane depi yap fè istwa


Soti nan Julian Palacios rive nan Florentino Perez san nou pa bliye kek moun tankou Santiago Bernabeu ak  Lorenzo Sainz Real Madrid toujou pi gwo klèb ki genyen nan istwa jwèt la. 


Real Madrid nou konnen se yon klèb panyòl, ki te toujou atire pi gwo atlèt yo sitou yo toujou ap dil fòk pi gwo jwè yo pase nan ekip la. Se youn nan rezon kifè gen anpil gwo foutbolè ki gen chans jwe pou Merengue yo. Pami yo nou jwenn Alfredo Di Stéfano, Cristiano Ronaldo, Raùl, Zidane,  Ronaldo Luiz Nazario de Lima, Ramos, Marcelo poun site sa yo sèlman. 


Ekip sa se ekip ki ka fasilite yon jwè pran balon dò dayè yo genyen 12 deja nan palmarès yo. Se sak fè li difisil pouw jwenn yon jwè refize jwe pou klèb sa. 


Youn nan fòs ekip sa genyen depi lè li bati se kapasite mantal chak jwè genyen lè yo pote mayo blan an sou do yo. Anplis de sa, chak ane yo toujou vle amelyore, yo pa janm sispann anvi genyen. Se yon klèb ki toujou ap chache vin pifò, yo toujou vle pran tout tit yo chak ane. 


6 mas 1902- 6 mas 2024 fè Real Madrid 122 ane depi yap fè istwa, depi yap pran anpil tit anplis de sa se yon ekip ki antre anpil lajan, yo se klèb ki pi rich ki genyen sou latè. 



Ann fè yon koudèy sou kèk twofe yo ranpòte nan istwa yo. 


Yo te pran te pran tit meyè klèb 20yèm syèk la se FIFA ki te bay li. 


Yo genyen 14 Koup Ewòp


1956  1957  1958  1959  1960  1966  1998

2000  2002  2014  2016  2017  2018  2022


8 Koup di Mond Klèb


1960  1998  2002  2014  2016  2017  2018  2022


Yo pran 5 SipèKoup Ewòp


2002  2014 2016  2017  2022


Real Madrid pran 13 SipèKoup Espay 


1988, 1989, 1990, 1993, 1997, 2001, 2003, 2008, 2012, 2017, 2020, 2022, 2024



5 SipèKoup UEFA 


2002, 2014, 2016, 2017, 2022



2 Koup UEFA 

1984-85  1985-86


35 LIGA


1932  1933  1954  1955  1957  1958  1961 

1962  1963  1964  1965  1967  1968  1969 

1972  1975  1976  1978  1979  1980  1986 

1987  1988  1989  1990  1995  1997  2001 

2003  2007  2008  2012  2017  2020  2022


20 Koup Espay


1905  1906  1907  1908  1917  1934  1936 

1946  1947  1962  1970  1974  1975  1980 1982  1989  1993  2011  2014  2023


Rezo9 Aktyalite Espò


 

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire