Plis pase twa 3 mwa san ke l pa jwe foutbòl, Melchie Daelle Dumornay retounen jwe foutbòl

0


 Plis pase twa 3 mwa san ke l pa jwe foutbòl, Melchie Daelle Dumornay retounen jwe foutbòl


Chouchou foutbòl peyi dayiti a, Melchie Daëlle Dumornay, retounen jwe foutbòl dimanch ki sot pase a, aprè twa mwa san jwe, nan match Lyon fas Dijon an.

Jèn mitan teren ayisyèn nan ki te wè l demare sou ban ranplasan an pandan match foutbòl sila, men ki t a pral fè rantre l nan 79èm minit de je nan plas Amel Majri, se te yon moman pèp ayisyen an ak fanatik Lyon yo t ap tann.

Grenadyè an ki te nan mikwa laprès aprè match la ki fini anfavè Lyon yo ki genyen (3-1), men jwez la pa kache kontantman l dèske li retounen jwe foutbòl aprè plis pase twa mwa san ke l pa jwe foutbòl.

N ap raple w, koz blese sa ki te rive nan mwa oktòb 2023 a, Melchie Dumornay te rive rate de dènye rasanbleman seleksyon nasyonal la ki te nan batay pou kalifikasyon premye edisyon "Gold Cup" feminin nan.


Lamarre Jameson ✍🏿

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire