Eske Guy Philippe prezidan vre ?

0


 Eske Guy Philippe prezidan vre ? 


Selon dèneye enfòmasyon yo la gen yon ekip ki deja kanpe pou ranplase PM Ariel Henry ak tout akolit li yo sou pouvwa a. Daprè yon dokiman ki ekri la,  se yon Konsèy Tranzisyon ki gen 3 moun kote ansyen senatè a Guy Philippe se moun kap gen pou dirije konsèy sa. 


Jan nou deja diw li genyen Guy Philippe kap gen poul enstalel antanke prezidan Konsèy sa aprè ap genyen genyen lòt manm tankou Durin Duret Junior (jij nan tribinal apèl la), san nou pa bliye Madam Françoise Saint-Vil Villier, kise reprezantan relijye yo.


Selon done yo, prensipal misyon konsèy la se pou garanti libète mouvman sitwayen, machandiz ak sèvis sou tout tèritwa ayisyen an. Komite sa tou ap gen kòm responsabilite pou nome yon premye minis ak yon kabinè ministeryèl pa konsansis. Daprè rapò yo, tranzisyon sa a ta dwe dire sèlman 18 mwa.


Nap raplew, inisyatè dokiman an te envite tout sektè yo siyen jounen madi 5 mas 2024 sa dokiman poun sòti nan kriz la nou konnen kap ravaje peyi a. Yo profite anonse Konsèy Tranzisyon an pral gen pou enstale yo nan Palè Nasyonal depi tout dokiman yo ta fin siyen.


Antouka nap swiv kòman dosye sa pral fini men annatandan popilasyon ayisyèn nan toujou ap moute yon mòn pa do tèlman bagay yo konplike tout kote nan peyi a. 


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire