Bagay yo melanje Caricom nan fè bak

0


 Bagay yo melanje Caricom nan fè bak


Nan jou ki sot pase yo Caricom te konvoke plizyè politisyen ayisyen nan yon rankont yo tap oganize jodi madi 5 ak demen mèkredi 6 mas la. Rankont sa ki te dwe fèt nan vil Kingston nan peyi Jamayik ranvwaye pou yon lòt dat. 


Daprè jounalis ameriken an Jake Johnston, ranvwa reyinyon Caricom lan pa lye ak eskalad vyolans ki pete dènyèman nan rejyon metwopolitèn nan jan anpil moun te ka pansel men pito li anile se paske te gen twòp moun ki te enterese pou yo patisipe. 


Nouvo reyinyon sa a ki te planifye a te gen plizyè gwo pwen yo te prevwa diskite sou yo,  tankou transfòme Gran Konsèy Tranzisyon an nan yon Konsèy Prezidansyèl san nou pa bliye fòme yon KEP ak yon gouvènman inite nasyonal.


Selon done yo, ansyen premye minis lan Claude Joseph ki nan pati EDE tap gen poul patisipe kote li te vle pote yon klarifikasyon sou tit ak kalite  Ariel Henry genyen poul kontinye okipe biwo Premye Minis la. 


Li te vle mande liberasyon prizonye politik yo tankou Myrthil Marcelin (Arab la) ak Archibal Fils, ouvèti ankèt sou asasina  Roosvelt Constant nan Okay san nou pa bliye ajan BSAP yo ak  pale sou tantativ asasina sou Pierre André Dumas.


Tout sa yo se kondisyon "Ti klod" te pase poul prezan nan reyinyon sa men nou konnen anpil nan done sa yo chanje tankou Arab la ki pa nan prizon anko ak anpil lot prizonye politik nou konnen ki sove. 


Nap raplew, Caricom  nan poko bay okenn nouvo dat yap gen pou òganize reyinyon men yo prevwa fè sa nan jou kap vini yo la. 


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire