Abit eksperimante Panyòl la Gil Manzano ki te fè yon gwo erè nan match Valence Real Madrid la wè ke l sou sanksyon.
Selon ArchivoVAR, komisyon teknik abit la t a enfòme ak Gil Manzano ke l te komèt yon gwo erè nan rankont foutbòl sa yo deside mete l yon kote pou on ti tan pandan jiskaprezan yo pa di men pou konbyen tan misye pral pase san ke l pa dirije rankont foutbòl.
Gil Manzano te rive retire yon gòl pou Jude Bellingham nan 90+8 minit de je kote l te sifle rankont fini sou sant Brahim Diaz la men yon desizyon ki pa t fè jwè, estaf ak fanatik Real Madrid yo plezi e menm abit sa te deside bay Bellingham on katon wouj paske te di l "C'est un putain de but" e sa kapab koz ke jwè anglè a pase de ak twa match san ke l pa jwe nan Liga a.
Gil Manzano bò kote pa l aksepte l fè erè a sou aksyon an e bay rezon avèk jwè Real Madrid yo epi l asime tout konsekans yo.
Lamarre Jameson ✍🏿

Ok
RépondreSupprimer