PWOBLEM BARCA PA PITI MENM : Pedri Gonzalez ak De Jong pral rate on mwa pou ekip Barcelone nan akoz blesi

0


 PWOBLEM BARCA PA PITI MENM : Pedri Gonzalez ak De Jong pral rate on mwa pou ekip Barcelone nan akoz blesi


Nan kad 27èm joune Liga a ekip Barcelone nan te an deplasman nan esdad "San Mamés" la pou jwe kont Bilbao, se yon match ki fini (0-0), men ekip k ap antrene pa Xavi Hernandez la pèdi de jwè enpòtan nan match foutbòl sila.


Fc Barcelone ki limenm p ap fè yon gwo sezon parapò avèk sezon pase kote yo te ekstrawòdinè nan chanpyona a men ki wè sezon sa yo reyalize on pakèt move rezilta kont kèk ekip segonn zòn men ki toujou gen plas yo jiskaprezan pou LDC a, men yè dimanch lan yo te an deplasman lakay Bilbao kote yo rive separe pwen ak yo chak men Fc Barcelone rive pèdi De Jong ak Pedri ki yo menm pral rate anviwon yon mwa pa jwe foutbòl.


Frenkie de Jong (26 an) pa epanye de blesi dènyè tan sa yo. Entènasyonal Néerlandais a ki wè l soti nan match kont Bilbao a suit avèk on dyèl areyen ke l te genyen avèk Unai Gomez, men milye teren an tonbe sou on cheviy ki vizibleman vire (25èm). Li pa t kapab leve e li te rive soti sou sivyè sou on bèl aplodisman piblik San Mamés la. Dènyè nouvèl ke n ta aprann konsènan blesi sa, jwè foutbòl sa pral pase 4 semèn san ke l pa jwe foutbòl, li tou ofisyèlman pral rate match retou kont Naples la e match amikal ansanm avèk peyi l.

Pedri Gonzalez li menm pa t pran on pakèt tan dèyè De Jong pou l te soti nan rankont lan (45èm) ranplase pa Lamine Yamal, jèn jwè Panyòl la pandan ke l ap soti a li t ap kriye anpil e tout moman li sou ban an li pa t sispann kriye ebyen apre rankont lan antrenè Xavi Hernandez te deklare "Se yon vye nouvèl pou nou ak tout fanatik nou yo paske n rive pèdi de jwè enpòtan e jan blesi sa yo ye la m wè l enkyetan anpil" se deklarasyon kotch Barcelone nan. Selon sa "AS" fè konnen maten an, Pedri Gonzalez pral rate 4 ak 6 semèn san jwe foutbòl e ki tou fòfè pou match retou LDC a kont Naples e match amikal avèk Espay. 


Jèn krak Barcelone nan pa epanye blesi depi sezon 2020/21 (li te jwe 72 match) :


2021/22 : 197 jou absan.

2022/23 : 110 jou absan.

2023/24 (sezon ki poko fini) : 94 jou absan (+ 5 ak 6 semèn absan ki ajoute) 

Depi anviwon 3 sezon, li gentan sou 71 match pa jwe foutbòl koz blesi.


Fc Barcelone ki te gentan pèdi Gavi pou tout rès sezon an ki limenm s on jwè ki ekstrèmeman enpòtan nan efektif Xavi a men kounye a se tou pa De Jong ak Pedri, se yon sitiyasyon ki vrèman konplike pou klèb sila.


Lamarre Jameson ✍🏿

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire