Anpil vòl anile sou Ayiti, bagay yo vire tèt anba

0


 Anpil vòl anile sou Ayiti, bagay yo vire tèt anba 


Depi aprè nèg ak gwo zam fin mete pòtoprens tèt anba, anpil moun ki tap vwayaje pou vin Ayiti gen anpil dout. Nan ka sa, genyen jounal Miami Herald kifè konnen gen plizyè konpayi ameriken ki pran desizyon pou yo anile tout vòl ki tap pran direksyon Ayiti pou jounen lendi 4 mas la. 


Selon jounal menm ameriken sa, konpayi sa yo pran desizyon sa se akòz dènye jou sa yo vyolans ap taye banda nan depatman Lwès la, anplis de sa gen rimè ki fè konnen ti mesye ame yo vle atake Ayewopò Entènasyonal la.


Nan ka sa, done yo fè konnen American Airlines te oblije sispann vòl chak jou ki soti nan Ayewopò Entènasyonal Miami pou ale Pòtoprens, se pòtpawòl yo a Laura Masvidal ki te konfime enfòmasyon sa yo bay Miami Herald. 


Pami lot konpayi ki pap pran wout Ayiti nou jwenn JetBlue Airways, ki gen sèvis chak jou ki soti Pòtoprens soti nan Ayewopò Entènasyonal Fort Lauderdale-Hollywood ak Ayewopò Entènasyonal John F. Kennedy nan New York, tout konpayi sa yo anile vòl yo pou Ayiti pou jounen Lendi an.  


Yo deklare, yo ankouraje tout aktè yo bay pèp ayisyen an priyorite epi fè konsesyon ki nesesè yo pou pèmèt gen yon gouvènans enklizif, eleksyon ak restorasyon demokrasi. 


Nap raplew, Anbasad amerikèn nan potoprens lan te bay sitwayen ameriken yo konsey retire kò yo nan danje Ayiti a,  tout sitwayen ameriken ta dwe kite Ayiti pi vit posib atravè opsyon transpò komèsyal oswa lòt opsyon transpò ki disponib. 


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire