Cristiano Ronaldo konnen yon echèk nan Al-Nassr malgre retou l sou teren

1


Cristiano Ronaldo konnen yon echèk nan Al-Nassr malgre retou l sou teren


Al-Nassr te deplasman lakay tèren klèb émirati Al-Ain pou kadefinal ale Lig chanpyon azyatik la, Al Nassr konnen yon defèt apre jwè Al-Ain nan Rahimi te make sèl grenn gòl ekip li a depi nan premye mitan an (1-0), nan 44èm minit de je.

Se te yon rankont yo t ap tann ewtal pòtigè a Cristiano Ronaldo, men malerezman li pa rive fè diferans lan fas Al-Aïn ki gen nan tèt li entènasyonal ajanten an Hernán Crespo ki s on ansyen gwo jwè foutbòl. Klèb la pran yon bon avans ak viktwa sa li fè a pou koumanse panse ak demi final la.

Konsènan Cristiano Ronaldo ki limenm apenn retounen apre li te fin rate dènye match ekip li a nan "Saudi Pro League" la akoz sanksyon li te pran e nan rankont sa li te rate yon okazyon fas gadyen advès la pandan fen match la.

Toujou avèk anpil tantativ bò kote ekip Crespo a nan tan adisyonèl yo, Aymeric Laporte te rive pran yon katon wouj sa ki fè l p ap jwe nan match retou a.


Match retou a ap gen pou l fèt 11 mas k ap gen pou vini an lakay Al-Nassr, e se moman pou CR7 ak koyekipye l montre sa yo gen nan djakout yo.

Rezo9 akyalite espòtiv✍️


 

Ces posts pourraient vous intéresser

1 commentaire

  1. Apre penalti depi lontan miche paka fè eyap se kanpe tann miche mèt bèy vag

    RépondreSupprimer