Eder Militão retounen nan antrènman avèk Real Madrid

0


 Eder Militão retounen nan antrènman avèk Real Madrid


Blese depi plis pase senk mwa, ansyen jwè Fc Porto a retounen jwenn souri l nan foutbòl la.

Eder Militão te blese nan cheviy li sa gen plis pase senk mwa e te rate mwatye sezon an pou klèb madrilèn nan ki limenm te nan on gwo difikilte akoz yo pa t gen anpil defansè santral apre Nacho ak Rüdiger k ap bay tout yo menm nan defans lan e san nou pa bliye Tchouaméni ak Carvajal ki te konn ede nan defans lan malgre se pa vrè plas yo men klèb kapital panyòl la konnen on bon nouvèl paske youn nan defansè ki enpòtan anpil pou yo a tounen nan antrènman e k ap chèche vrè fòm li te genyen anvan an, men apre kalifikasyon Real Madrid pou kadefinal Lig chanpyon an kont Leipzig antrenè yo a te bay on bon nouvèl nan konferans deprès paske l te di "Eder ak Thibaut Courtois ap pare pou kadefinal LDC a e y ap gen pou fè pati gwoup la pou rankont yo" se sa kotch italyen fè konnen.



Eder tounen pral yon bon bagay pou Rüdiger nan defans lan paske dèfwa Nacho pa bay bon randman e pral plis ke yon boustè pou Carlo Ancelotti ak Real Madrid nan moman enpòtan sa yo rive a.



Rezo9 aktyalite espòtiv✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire