Gouvènman an deside pou yo chanje lè a
Genyen Gouvènanman an ki anonse dimanch 10 mas kap vini la lè a pral chanje apati 2zè nan maten. Nan ka sa, Sekretarya Jeneral Premye Minis la raple ajan sèvis piblik la, sektè prive a ak popilasyon an an jeneral, ke lè nasyonal la ap avanse de 60 minit.
Pou moun ki pa konnen, fòk nou diw desizyon sa pran an akò ak dispozisyon ki nan atik 1 nan dekrè prezidansyèl la. Sa ki vle di depi dimanch rive a 2è nan maten nap oblije chanje lè nan revèy nou paske se sa mesye otorite yo di.
Selon sa plizyè moun ap di nan lari a , gouvènman Ariel Henry a se selman lè a yo rive chanje depi aprè 3 zan yo genyen sou pouvwa a.
Rezo9 Aktyalite Politik
